Sou jesyon fon an

Souvan li fasil pou voye lajan epi w panse ou rezoud yon pwoblèm, sepandan si w vle jwenn bon jan rezilta se pou reflechi epi travay di anpil pou rive jwenn yo. Objektif nou se pa annik voye lajan Ayiti, nou vle sèvi ak chak dola yo ba nou pou nou fè devlòpman ekonomik pou peyi an avanse pandan lontan alavni. Nou sèvi ak lajan nou bay yo pou nou bay sibvansyon epi pou nou fè envèstisman nan pwogram òganizasyon k ap travay sou teren an nan peyi Dayiti depi òganizasyon sa yo gen bon repitasyon, nouvo fason yo travay epi yo efikas anpil. Kòm òganizasyon nou an tou piti sa pèmèt nou pote repons rapid pou nou bouche twou epi satisfè bezwen ki neglije sou teren an. Nou verifye pwojè nou bay jarèt yo ak bon jan metòd dekwa pou nou sèten y ap ede objektif devlopman ekonomik la vanse nan peyi Dayiti pandan lontan alavni. Nou pa bay leta Ayisyen okenn kontribisyon.

Fon Clinton Bush pou Ayiti kòm gadyen reskonsab deside veye epi verifye ki jan chak dola yo bannou ap depanse.Objektif prensipal nou se ede Ayisien pran devan nan kreye lavni yo reve pou tèt pa yo. Epitou, nou egzije yo bay bonjan rapò ak verifikasyon pou nou ka konnen sa ki fèt ak lajan ki bay yo epi ki gen plis chans pou yo bay rezilta k ap dire pandan anpil lanne. Pi gwo objektif nou se ede Ayisyen pran bon chemen pou yo fè pwòp lavni miyò yo.

Rive nan dat 28 fevrye 2011, Fon Clinton Bush pou Ayiti a sanble 53 milyon dola epi li bay òganizasyon ki deja ap travay nan menm sans ak li prèske 23 milyon dola pou “Rebati Ayiti Pi Byen” klike la a pou telechaje (PDF) pou jwenn tout detay sou ki valè lajan ki pwomèt jouk jounnen jodi a.