Kilès nou y
Touswit apre tranblemandtè 12 janvye 2010 a, Prezidan Barak Obama mande ansyen Prezidan Bill Clinton ak George W. Bush pou yo mete ansanm pou mennen yon gwo roumble pou sanble lajan pou ede pèp Ayisyen. Sekonsa yo mete tèt yo ansanm pou yo tabli Fon Clinton Bush pou Ayiti, yon òganizasyon ki pa fè pwofi pou tèt pa li men ki fèt pou ede Ayiti “rebati pi byen.”
Okòmansman travay Fon Clinton Bush pou Ayiti a te konsantre sou bay èd ijans, jodi a sa chanje tout jefò n ap fè yo se pou nou develope travay epi kreye posiblite ekonomik pou Ayiti ka grandi epi byen mennen.
Rezon ki fè nou soutni epi nou fè patenarya ak òganizasyon ki egziste deja yo kit yo la pou fè benefis pou tèt pa yo kit yo se òganizasyion ki travay san yo pa fè benefis pou tèt pa yo, se paske nou vle ankouraje yon ekonomi nan peyi Dayiti ki gen divès branch ki gen konkirans ladan l, ki ranmase kapasite pèp Ayisyen genyen pou li fè biznis, yon fason pou tout moun ladanl epi ki respekte anviwonman peyi a , ki pèmèt kominote yo ak kòmès yo byen mennen epi fè lajan. Nan tou sa nou fè, nou travay ak Komisyon Enterimè pou Rebati Ayiti a (KIRH) pou nou sèten nou pwal nan menm direksyon ak plan devlòpman Ayisyen an.
Si w ta renmen gen plis enfòmasyon sou fason n ap travay pou nou fè vizyon nou genyen pou yon Ayiti ki pi djanm e ki mache pi byen, vizite paj pwogram nou an.
Gen twa fason ou ka kontribye:
Sou Entènet
Vizite paj nou an sou Entènet li gen tout sekirite l pou fè don
Bay sou telefòn pòtab ou
Ekri "QUAKE" nan yon mesaj epi voye l nan 20222 pou bay Fon Clinton Bush pou Ayiti $10. Y ap wete lajan sa a sou telefòn ou.
Lapòs
POU LAPÒS ETAZINI
Clinton Bush Haiti Fund
P.O. Box 418009
Boston, MA 02241-8009
Si w ap voye l pa mesaje
Bank of America Merrill Lynch Lockbox Services
Lockbox 418009
MA5-527-02-07
2 Morrissey Blvd.
Dorchester, MA 02125
Pou plis enfòmasyon ale nan paj FAQ a osinon kontakte nou sou kèsyon ou ta renmen poze anjeneral.
