Kèsyon ki poz
Poukisa Fon Clinton Bush pou Ayiti te mete sou pye?
Touswit apre tranblemandtè a, Prezidan Barack Obama te mande ansyen Prezidan Bill Clinton ak George W. Bush pou yo mete tèt yo ansanm pou yo fè yon gwo jefò pou sanble lajan pou ede pèp Ayisyen.
Kidonk yo tabli Fon Clinton Bush pou Ayiti, ki tonbe nan kategori 501(c)(3) ki la pou ede pèp Ayisyen rebati pi byen.
Poukisa tranblemandtè mwa janvye 2010 la te fè gwosè dega sa yo Ayiti ?
Anvan zèfè a, chomaj nan peyi Dayiti te apeprè 70%, piplis pase mwatye Ayisyen t ap viv ak mwens pase yon dola pa jou. Fason règleman, lajistis ak edikasyon t ap fonksyone nan peyi Dayiti pa te ankouraje ekonomi peyi a devlope. Kidonk, tranblemandtè a vin mete abse sou klou deske li fè dega osinon li detwi pi gwo sous revni ak travay pou ti antrepriz zwit yo, mwayèn antrepriz yo ak ti antrepriz yo ak moun ki pi pòv yo. Selon yon Evalyasyon Bank Mondyal, Nasyonzini, Komisyon Ewopeyène ak BID te fè sou Bezwen ki Egziste Apre Dezas la, tranblemandtè a fè apeprè $7.863 milya dola dega ak pèt ki piplis pase 120% sa Ayiti pwodwi an 2009. Sektè prive a sibi swazantdix pousan nan dega sa yo ki egal $5.5 milya.
Ki objektif Fon Clinton Bush pou Ayiti a ?
Bonjan envestiman byen reflechi se sa Ayiti bezwen dekwa pou moun younnen jwenn travay epi kreye yon anviwònman kote ekonomi an djanm epi devlope pou touttan gen tan. Nou dwe bay Ayisyen zouti yo bezwen pou yo sòti nan lamizè ak lòt kondisyon ki detwi lavi epi ki fè chak kriz vin pi mal. Gen plizyè ONG ki sou teren an ki ap travay pou satisfè bezwen Ayisyen genyen touswit. Objektif Fon Clinton Bush pou Ayiti a se ewde Ayiti rebati pi byen, fason yo fè l la se konsantre sou devlopman ekonomik an yon tan ki pi long epi ogmante travay pase bagay sa yo nesesè tou pou lavni Ayiti. Jan Gary Edson, ki se Prezidan Direktè Jeneral nou te di nan yon atik ki parèt 22 desanm 2010, Aysisyen dwe jwenn yon mwayen pou yo ede tèt yo ak fanmi yo epi pou yo devlope ekonomi peyi yo. Onjektif nou se elimine rasin ki lakòz lamizè a ki fè tranblemandtè a fè pi gwo dega epi ede Ayiti tounen yon peyi kote toutmoun jwen posiblite pou yo byen mennen. Men nan ki domèn prensipal nap travay:
- Bay pèp Ayisien fòmasyon ak konpetans pou yo ka byen viv.
- Ankouraje piplis ti biznis
- Devlope systèm ak sèvis ki nesesè pou sektè prive a fleri epi pou ekonomi an vin pi djanm.
Chache konnen ki premyè travay ki dwe fèt nan peyi Dayiti pou lajan ki bay yo pi byen sèvi se yon kokennchenn travay. Ki sa ki pi enpòtan pou Fon Clinton Bush pou Ayiti a fè nan twa lanne k ap vini yo ?
Menm si tanzantan Fon an bay ti lajan pou regle kèk zafè prese prese, Prezidan Clinton ak Prezidan Bush fè chwa pou yo konsantre Fon an sou posiblite ekonomik nan yon tan ki pi long epi ogmante travay. Pou bay ti biznis ak biznis k ap grandi jarèt dwe gen souplès epi oryantasyon nan sektè prive a, sepandan se pa bagay ki fasil pou jwenn nan ajans devlòpman ki la depi lontan yo. Nou egzaminen chak pwopozisyon nou resevwa ak anpil prekosyon dekwa pou nou chwazi pwojè ki ka pi byen reyisi epi ki ka pi efikas nan fason yo sèvi ak fon nou bay yo.
Ki valè lajan yo bay Fon Clinton Bush pou Ayiti jouk jounen jodi a? Èske gen jefò k ap kontinye fèt pou sanble lajan?
An oktob 2011 nou te deja resevwa 54 milyon dola. Nou kontinye ap resevwa don nan men moun ki gen kè nan men ki vle wè Ayiti pran chimen pou li refè pou touttan gen tan
Dapre sit wèb la Fon an chanje konsantrasyon l sòti nan sekou pou l okipe bezwen ki genyen pou yon tan ki pi long tankou devlòpman travay ak posiblite ekonomik. Dapre ou ki kalte pwojè ki ka ede reyalize objektif sila yo?
- Remete sou pye, agrandi epi kreye nouvo ti biznis ak biznis k ap grandi, anjeneral se fanm ki kontribye piplis na sektè sila a.
- Bay moun ak biznis kapasite nan soutni yo pou yo sòti nan yon ekonomi enfòmèl pou yo pase nan youn ki fòmèl.
- Soutni devlòpman travay amsam ak travay ki genyen yon benefis sosyal dirèk, epi
- Preprare jèn yo pou yo gen konesans lavi ak fòmasyon pou travay yo bezwen pou yo ka sèvi ak tout posiblite ekonomik yo ka jwenn.
Aktivite sa yo n ap fè yo pou yo kapab kouvri diferant kalte sektè aktivite ak diferant zòn jewografik. Fon Clinton Bush pou Ayiti a konsantre li tou sou ede moun pratike tout kapasite yo. Nou vle devlope mwayen ki pou pèmèt Aysyen jwenn mwayen pou yo viv pi byen etan nap travay pou nou devlope sistèm ak sèvis ki nesesè pou sektè prive a ka mache byen epi vin pi devlope. Nan tout aktivite nou yo, n ap toujou travay ak Komisyon Enterimè pou Rekonstwi Ayiti pou nou asire nou aktivite nou yo tout prale nan menm sans la pou devlòpman Ayiti.
Kijan Fon Clinton Bush pou Ayiti a wè devlòpman peyi a?
Fon Clinton Bush pou Ayiti a kwè pou rekonstriksyon an ka reyisi epi kontinye dire nòmalman an Ayiti, sa mande pou devlòpman an sòti andedan sektè prive a, pa nan devlòpman k ap tan èd k ap sòti lòt bò dlo.
Kijan nou chwazi patnè nou yo ak òganizasyon nou travay avèk yo an Ayiti?
Nou travay ak òganizasyon ki deja sou teren an, ki gen bon repitasyon, ki fè bagay ki nouvo, ki konn fè biznis yo mache byen. Epitou nou fè pwogram ki gen rapò ak envestisman (prete lajan, bay garanti pou pèmèt biznis prete lajan, ak lòt kalte envestiman) nan finansman, ak aktivite lajan kach, pou antrepriz ak Konpayi k ap mennen aktivite ki kapab ede rebati kapasite ak posiblite ekonomik Ayiti. Lide nou se ofri sipò finansye nou yon mannyè ki pou ankourage devlope biznis, nan chèche plis lajan pou bay òganizasyon yo plis jarèt, epitou ede miltipliye kalte akitivite sa yo nan kominote kote patnè nou yo deja ap travay. Nan tout aktivite sa yo, nou eseye sèvi ak avantaj nou genyen yo – tankou lajan oswa repitasyon yon mak machandiz sou mache a – ak tout lòt patnè nou yo, sitou patnè Ayisyen nou yo, pou nou ka jwenn piplis rezilta ki kapab dire lontan sou mache a. Fon Clinton Bush pou Ayiti a chwazi mennen pifò acktivite finansman li yo selon sa li jije ki bon, nan sipòte pwojè lòt òganizasyon finansman, òganizasyon gouvèlman, sektè prive a, dyaspora a apwouve yo menm tou; epitou ak tout lòt sektè ki konsène, espesyalman nan pami patnè Ayisyen nou yo. Sepandan, Fon an kapab aksepte demann finansman pou pwojè li pat atann, lè yo konsène yon bezwen esansyèl ki merite jwenn solisyon tou swit, oswa ki paka tann twò lontan.
Avan tout bagay, Fon Clinton Bush pou Ayiti vle lajan ki bay yo sèvi pou devlòpman yon ekonomi k ap mache epi ki pral continye mache lontan an Ayiti. Se ak anpil atansyon nou considere tout pwopozisyon ki prezante pou nou ka chwazi pwojè k ap reyisi pi byen yo epitou ki fè lajan nou debouse yo bay plis randman. Nou apresye anpil tout moun ak òganizasyon ki bay lajan yo nan Fon an, se pou sa nou pran reskonsablite pou nou sèvi ak lajan yo a nan meyè fason ki posib, nan de mannyè k ap bay rezilta ki pral dire lontan an Ayiti.
Ki sa ki pi ankourajan nan travay ak jefò ki deja fèt jounen jodi a?
Nou pas janm sispan sezi devan kouray ak rezistans pèp Ayisyen devan devastasyon terib sa a. Nan devlòpman pwogram nou yo, nou wè de bagay ki banou anpil espwa pou Ayiti apre tranblemandtè a. Istwa sa yo se yo ki oblije nou kontinye travay pou Ayisyen an Ayiti kapab nan lavni nonsèlman siviv men kapab viv byen nan bon kondisyon. Don nou te fè pou INDEPCO a te pèmèt yo te rebati biwo yo epi te bayo lajan pou pèmèt yo pwodwi ak fè yon kanpay maketin ki deja ap rapòte yo anpil kòmann.Nou deja ap wè rezilta ki fè nou plezi lè nou wè INDEPCO deja fè aranjman ak 70 atelye nan tout peyi a pou fè 40 000 inifòm lekòl gras a sipò Fon Clinton Bush pou Ayiti. INDEPCO kreye 600 pos travay pou fè inifòm sa yo. Se gras a lajan Fon Clinton Bush pou Ayiti a bay òganizasyon YouthBuild ki ankouraje fòmasyon nan metye tankou mason, chapant elatriye, pou 5 300 jèn ki sa sa pa ta gen anyen nan men yo kòm metye. Yon lòt òganizasyon ki resevwa lajan ke li fè travay nan men Fondasyon Clinton Bush pou Ayiti a se Rasin kapital (Root Capital) yon òganizasyon ki prete lajan bay yon kooperativ yo rele Plant Kafe nan Awondisman Belle-Anse (COOPCAB), yon rezo ki gen nèf kooperativ ki reprezante plis pase 4 000 fanmi ki plante kafe. Gras a lajan Fon an plantè sa yo te resi sanble mezi kafe yo te bezwen pou yo espedye yon gwo kòmann kafe yo te resevwa sòti jis nan Japon. Kapital Rasin ap kontinye prete lajan bay ti biznis sitou nan sektè agrikilti a.
Fon Clinton Bush pou Ayiti a bay Achitekti pou Limanite yon èd pou li monte yon Sant Rekonstriksyon nan Pòtopwens, ki se yon kote tout pwofesyonèl ka jwenn tout sa yo bezwen pou envante ak bati nan yon sèl kote. Fon sa yo pèmèt ti biznisa ak biznis k ap devlope nan epòk rekonstriksyon apre tanblemandtè a sèvi ak pi bon teknik ak pi bon modèl nan zafè bati kay nan peyi a. Alafen, Sant sa a va sèvi pou bay 30 000 moun nan yon lavi miyò nan twa lane sèlman, nan bay fòmasyon pou travayè, nan efòme konsomatè yo, nan bay referans pwofesyonèl, ak yon sèvis espesyal ki triye konpayi ki bay pi bon sèvis nan pi bon pri.
Avèk pwogram nou an ki Relye ak Envestisman (PRI) nou gen ak “Fairwids Trading”, nou ede atizan Ayisyen konplete yon kòmann pou yon magazen yo rele Macy’s ki gen yon koleksyon bagay ki rele Heart of Haiti yo vann sou entènèt ak nan 24 diferant magazen Ozetazini. Kòmann sa a pèmèt plis pase 200 Ayisyen kapab asire lavi yo ak bay fanmi yo manje, voye pitit yo lekòl, mete yon kay sou tèt yo, biye yo elatriye. Youn nan atizan lokal ki travay nan pwojè sa a , Gerard Dume, ki te pèdi atelye li a nan tanblemandtè a te resi, pandan li te rete anba yon tant nan pami tout dekonm yo, fini pòsyon pal la nan kòmann sa a, avèk bèl travay fen byen fini.
Ki pi gwo difikilte ki ta ka fè nou pa rive jwenn objektif nou nan Fon Clinton Bush pou Ayiti.?
Rebati se yon bagay ki pran tan, epi tabli kondisyon ki pou pèmèt Ayiti non sèlman retounen sou depie militè li, men pou l kontinye fè pwogrè, sa mande anpil releksyon ak planifikasyon ak revizyon pwogram ki ka reyisi fè nou jwenn rezilta sa a. Se yon travay ki vreman difisil. Règleman ak lalwa an Ayiti pa fasilite devlopman ekonomik. Nan ankèt Bank Mondyal sou fasilite pou louvri yon biznis nan divès peyi, montre Ayiti jis anba lis la. Make lajan. Systèm edikasyon nou genyen an Ayiti a pa prepare Ayisyen pou yo reyisi nan lavi, anpil nan sa ki fini fè etid inivèsitè yo kite peyi a paske yo jwenn pi bon posiblite lòt bò dlo. Pou nou reyisi, fòk nou ede Ayiti chanje lide sa yo ak anvizaje lòt posiblite. Nan moman tanblemandtè , Prezidan clinton ak Prezidan Bush te kouri voye èd pou fè fas ak ijans la.; Fon Clinton Bush pou Ayiti a te distribye 4 milyon dola pou soulaje moun ki te nan malè sa a. Fon sa yo ki te distribye imedyatman pou ede te al jwenn yon valè òganizasyon ki te menm lè a kòmanse distribye manje, abri an medikaman an Ayiti. Si ou vle gen plis enfòmasyon sou lajan sa yo ki te distribye yo, ou ka ale sou: https://clintonbushhaitifund.org/pages/programs/.
Fon Clinton Bush pou Ayiti a vire koulye a nan dezyèm faz li nan sipò pou ayiti a. N’ap konsantre sou pwomosyon ak devlòpman posiblite ekonomik.
Ki sa n ap fè pou zafè kolera ki fèk debake an Ayiti a?
Nou gen gwo tèt chaje pou lasante moun ki te pran kolera yo ak vitès kolera te vale teren nan peyi Dayiti. Kolera ak anpil lòt malè ki pandye sou Ayiti, se de bagay ki difisil pou jwennn solisyon pase peyi a pòv anpil , sa lakòz sous dlo nan peyi a yo kontamine epi dlo a tounen yon danje pou moun sèvi avè l sitou pou bwè. Nou toujou kontinye ap travay pou nou konbat lamizè nan rasin li, nan kontinye konsantre sou ogmante travay ak posiblite ekonomik.
Anplis de sa, patnè nou GHESKIO, te mande nou pou nou fè nouvo aranjman ki pou te pèmèt yo jwenn lajan pou yo depanse pou kominote riral yo, pou yo fè fòmasyon, trète pou malad yo, founi dlo pwòp, trete rezèvwa dlo yo pou kominote ki t ap viv anba tant yo kote kolera a te fè plis ravaj. Nou te fè yon don 100 000 dola meriken prese prese pou Ajans Sèvis ak devlòpman Legliz Afriken Episcopal an Ayiti pou li ka laji pwogram prevansyon kolera a nan zòn riral an Ayiti.
Pou konbyen tan Fon Clinton Bush pou Ayiti ap egziste?
Kontèman ak anpil ONG tradisyonèl, Fon Clinton Bush pou Ayiti a ap la sèlman pou yon tan byen defini, nou ta renmen sèvi kòm yon pon ant 18 mwa premyè ijans la ak 10 premye lane rekonstriksyon an pral pran. Pou le moman, Fon an panko gen dat espirasyon. Objektif nou se fè pwomosyon pou ogmante travay ak byenèt ekonomik, ede Aysyen rebati kapasite yo, gade kòman Ayisyen ap kenbe ak pwogrè yo, epi lè sa a pou nou wete kò nou nan sitiyasyon an. Lè nou fin konsidere tout bagay, an final de kont, devlòpman Ayiti - siksè li dan lavni – se andedan Ayiti pou li sòti. Nou vle ede Ayisyen reyalizelize sa pou tèt yo.
Ki jan pou fè yon don?
Gen twa fason ou ka bay Fon Clinton Bush pou Ayiti yon ti bourad:
Vizite paj entènèt nou an ki gen bonjan sekirite pou fè don
Ekri "QUAKE" nan yon mesaj epi voye l nan 20222 pou bay Fon Clinton Bush pou Ayiti $10. Y ap wete lajan sa a sou telefòn ou
Lapòs: Clinton Bush Haiti Fund
P.O. Box 418009
Boston, MA 02241-8009
Ou gen dwa wete tout kontribisyon ou bay Fon Clinton Bush pou Ayitisou taks ou pase se yon òganizasyon ki tonbe nan kategori 501(c)(3) selon valè lalwa pèmet ou dedwi.
Eske m ap resevwa yon resi lè m bay yon kontribisyon sou Entènet?
Wa resevwa yon imèl ki konfime ou bay yon kontribisyon, mèl sa a ka sèvi kòm resi pou taks ou. Pou nou fè ekonomi sou tenm ak papye se don $250 osinon plis n ap voye bay resi pa lapòs. Souple voye yon imèl bannou nan contact@clintonbushhaitifuns.org pou mande yon resi papye si w pa resevwa yon resi sou imèl ou.
Kijan yo jere don mwen fè sou telefòn pòtab mwen?
Lè ou fè yon don sou telefòn pòtab ou sètadi lè w voye mesaj bay Fon Clinton Bush pou Ayiti nan "QUAKE" sou nimewo 20222, yo ap chaje telefòn pòtab ou $10 ($5 pou Kanada). Mobile Giving Foundation (MGF), yon òganizasyon ki nan kategori 501 ( c) (3) ap parèt kòm òganizasyon ki ap resevwa lajan ki faktire sou telefòn ou an. Mobile Giving Foundation ap voye tout valè lajan li resevwa yo bay Fon Clinton Bush pou Ayiti san wete senk kòb ladan yo. Ni konpayi telefòn ou an ni Mobile Giving Foundation pap wete anyen sou sa w bay la.
Lè m bay sou telefòn pòtab mwen eske m ap jwenn resi?
Fakti telefòn potab ou a ka sèvi kòm resi pou don ou bay la pou ka wete l sou taks ou. Pa bliye se Mobile Giving Foundation ki ap parèt sou fakti a kòm òganizasyon ki resevwa don an. Si w ta vle jwenn yon resi nan men Mobile Giving Foundation, vizite sit wèb yo a.
Kijan pou m mande konpayi kote m ap travay la pou yo bay menm valè lajan avèk mwen?
Mande konpayi w la ba ou yon fòm “Matching Gift. Nimewo EIN nou se 27-2122785. Depi w fin plen fòm nan, souple voye l bannou swa pa imèl osinon voye l nan biwo nou pa lapòs nan:
Clinton Bush Haiti Fund
1504 K Street NW
Suite 380
Washington, DC 20005
Mwen vle fè volontè pou mwen ede pote sekou epi rebati nan rejyon an. Eske Fon Clinton Bush pou Ayiti a ka ede m fè sa?
Fon Clinton Bush pou Ayiti a la pou li resevwa lajan pou bay òganizasyon k ap travay sou teren an nan peyi Dayiti. Sepandan, gen sèten òganizasyon k ap chache volontè ki kalifye epi ki gen eksperyans nan travay pote sekou lè gen katastwòf epi jefò k ap fèt pou rebati. Si w ta vle gen plis enfòmasyon sou fason pou enskri kòm volontè ki kalifye pou pote sekou lè gen katastwòf, ou kapab vizite Center for International Disaster Information. Pi fò ajans ki bay èd lè gen katastwòf ka pi byen sèvi ak don ki fèt an kash. Si w ta vle wè yon lis ajans k ap travay nan peyi Dayiti pou ede apre tranblemandtè a epi pou konnen kijan ou ka ede yo nan jefò y ap fè, vizite www.interaction.org/crisis-list/earthquake-haiti.
Ki òganizasyon ki deja resevwa lajan nan men Fon Clinton Bush pou Ayiti a?
Apre tranblemandtè a gen premyè lajan divès òpanizasyon te jwenn pou yo bay manje, abri ak sipò prese prese nan peyi dayiti. Depi lè sa a Fon Clinton Bush pou Ayiti a bay lòt òganizasyon don, sila yo konsantre sou kreye plis travay ak devlopman ekonomik. Si w ta vle gen plis enfòmasyon sou lajan sa yo ale nan https://clintonbushhaitifund.org/pages/programs/ epi klike sou programs.
Eske lajan Fon Clinton Bush pou Ayiti a sanble al jwenn Gouvènman Ayisyen?
Nou pa bay Gouvènman Ayisyen an okenn kontribisyon. Olye sa, nou chache jwenn rezilta nan bay òganizasyon k ap travay nan peyi Dayiti ki gen bonjan repitasyon, ki vini ak nouvo fason pou yo travay epi ki efikas don ak envestisman pou pwogram yo. Nou egzamine chak pwojè ak anpil prokosyon anvan nou chwazi sa ki ka pi byen reyisi ak fon nou ba yo epi sa ki pèmet sa yo fè a miltipliye nan kominote kote yo ap sèvi a. Epitou, nou egzije yo bay bonjan rapò ak verifikasyon pou nou ka konnen sa ki fèt ak lajan ki bay yo epi ki gen plis chans pou yo bay rezilta ki ap dire pandan anpil lanne. Pi gwo objektif nou se ede Ayisyen pran bon chemen pou yo fè pwòp lavni miyò yo.
Nan tou sa nou fè, nou travay ak Komisyon Enterimè pou Rebati Ayiti a (KIRH) pou nou sèten nou pwal nan menm direksyon ak plan devlòpman Ayisyen an.
Kisa òganizasyon m nan dwe fè pou li resevwa lajan nan Fon Clinton Bush pou Ayiti a?
Pi fò aktivite don Fon Clinton Bush pou Ayiti a fè li fè l sou pwòp inisyativ pa l, li soutni pwojè lè l li fin konsilte lòt moun ki bay don yo, sèten sektè nan Gouvènman an, sektè prive a, Diaspora yo ak divès lòt aktè sitou patnè Ayisyen yo. Sepandan, fon an kapab aksepte demand yo pa mande depi yo konsantre sou satisfaksyon bezwen prese prese ki poko jwenn repons osinon sou objectif ki sou yon tan ki pi long tankou bay ti biznis zwit, mwayen biznis ak ti biznis jarèt, devlòpman mendèv, epi pwomosyon posiblite ekonomik.
