Sanble lajan nan kominote yo
Fè dekwa pou konpayi w la osinon òganizasyon w la mete men
Anplis baz moun ki bannou lajan pa yo, yon gwo pati nan jefò nou fè nan Fon Clinton Bush pou Ayiti a gen rapò ak konpayi ak òganizasyon – kit yo gwo kit yo piti – ki vle mete ansanm avèk nou nan misyon enpòtan sila nou rele Zanmi, nou chwazi non sila a akòz bonjan relasyon nou genyen ak gwoup ki patnè avèk nou yo.
Ou ka vin zanmi nou tou si w ede nou sanble lajan, nenpòt moun ka vin zanmi nou.
Lajan nou sanble yo sèvi pou ede Ayiti kreye yon ekonomi ki sanble tout moun, ki gen divès branch e ki respekte anviwonman peyi a , yon ekonomi ki gen konkirans ladan l ki desantralize, ki fè youn ak rejyon an epitou ki ranmase kapasite pèp Ayisyen genyen pou li fè biznis.
Kijan pou nou kòmanse
Si ou fè pati yon gwoup ki ta renmen ede nou sanble lajan, souple pa pèdi tan pou kontakte nou pou fè nou konnen kilès ou ye epi kijan ou ka ede nou.
N tann pou nou travay avèk ou kòmsadwa e nou pwal pran san nou pou nou esplike w tout prensip pou sanble lajan, wa jwenn esplikasyon tout prensip sila yo pi devan nan dokiman sila a.
Fon Clinton Bush pou Ayiti a vle sèten non ak logo òganizasyon itilize kòmsadwa, li vle tout lajan ki sanble nan non òganizasyon an byen jere epi pou gen bonjan kont ki rann sou sa ki fèt avèk li, anplis tout lajan ki sanble dwe fèt yon jan ki annakò ak misyon Fon Clinton Bush pou Ayiti a epi respè li genyen nan je toutmoun.
Si òganizasyon w lan genyen yon sit web, osinon materyèl enprime pou yon jefò w ap fè pou sanble lajan, li dwe esplike « Lajan sa sa yo pwal benefsye Fon Clinton Bush pou Ayiti.» Si òganizasyon w lan vle sèvi ak non epi logo Fon Clinton Bush pou Ayiti, li dwe konfòme l ak tout prensip ki tabli pou Sèvi ak Idantite Fon an.
Tout dwa, mak fabrik, dwa dotè ki nan non, logo, imaj ak lòt mak Fon Clinton Bush pou Ayiti a rele l chè mèt chè mètres.
Pou jwenn plis enfòmasyon, li Kondisyon pou Sèvi ak yo, si ou gen kèk kèsyon ou ta renmen mande pa jennen pou pran kontak ak nou.
Benefis yo
Ou dwe dakò pou remèt yon chèk sou non Fon Clinton Bush pou Ayiti « Clinton Bush Haiti Fund » pou tout benefis òganizasyon w lan fè 30 jou apre nenpòt ki jefò ou fè pou sanble lajan pou fon an epi voye l nan adrès sila a :
Clinton Bush Haiti Fund
1504 K Street NW Suite 380
Washington, DC 20005
Nou di w mèsi ankò pou tout sa w fè pou sanble lajan pou ede rebati Ayiti pi byen! N ap tann nouvèl ou ak kè kontan.
