Antre nan Won

Vizyon nou se ede Ayiti transfòme pou l sòti nan eta peyi ki pi pòv nan emisfè oksidantal la epi tounnen yon peyi kote chak moun gen posiblite pou l reyalize tout kapasite Bondye ba li. Souple ede nou rive jwenn objektif sila a.

Antre nan Fon Clinton Bush pou Ayiti

Swiv misyon lespwa nou genyen pou nou ede Ayiti Rebati pi Byen. Na kenbe w okouran sou tout nouvèl Fon an ak pwogrè ki fèt Ayiti. Vin jwenn nou.

Fè pawòl la mache

Fè tout zanmi w ak fanmi w konnen ki misyon n ap mennen pou nou ede Ayiti transfòme sipò ou ak sipò lòt moun enpòtan anpil nan jefò k ap fèt la. Fè pawòl la mache.

Pataje istwa pa w

Sa fè deja yon lane depi tanblemandtè a te fè ravaj nan peyi a. Nou ta renmen tande istwa ki bay lespwa. Sètadi istwa Ayisyen ki louvri yon kòmès, k ap aprann yon metye, k ap debat pou yo kreye pwòp lavni pa yo. Pataje istwa pa w.

Soutni Ayiti

Jounnen jodi a Ayiti bezwen èd ou piplis pase nenpòt ki lè. Fon Clinton Bush pou Ayiti a ap travay pou Ayisyen jwenn yon lavi miyò ak mwayen pou yo viv. Bay yon ti tchotcho.