Konsèy Administrasyon

Laura Graham Ko- Prezidan Konsèy la
Laura Graham se Prezidan Direktè Jeneral Fondasyon William J. Clinton epitou se li ki Chèf Kabinè Prezidan Clinton. Li gen lontan li ap konseye Prezidan an menm si li pami youn nan pi jèn asistan Adjwen li yo, se li menm ki te sipèvize jefò Prezidan an te fè apre syklòn Katrina ak Rita san bliye tsunami ki te pase nan zòn Lazi an 2004 la. Li toujou mele nan bay koutmen dirèk nan tou sa Fondasyon Clinton ap fè ak nan tout jefò Prezidan Clinton ap fè pou ede lòt moun, li vizite plis pase 50 peyi ak Prezidan Clinton oubyen li kòm reprezantan li.

John Bolten, Ko- Prezidan Konsèy la
Misye Bolten se yon pwofesè tanporè nan Akademi Woodrow Wilson nan Inivèsite Princeton. Anvan sa li te Chef Kabinè Prezidan George W. Bush epi Direktè Biwo Jesyon ak Bidjè. Li te avoka Komisyon Finans Sena Ameriken an sou kèsyon komès intènasyonal, avoka jeneral Reprezantan Komès Entanasyonal Etazini an epi Asistan Adjwen Prezidan George W. Bush pou zafè lejislatif.

Misye Bolten gen anpil eksperyans ak òganizasyon ki pa travay pou fè pwofi li te manm Konsèy Administrasyon US Holocaust Museum epi kanpay ONE. Nan sektè prive a, li te Direktè Egzekitif pou Zafè Legal ak zafè Gouvènman pou Goldman Sacvhs International nan vil Lond. Li pran diplòm inivèsitè li nan Inivèsite Princeton epi li etidye dwa nan Inivèsite Stanford.

Henrietta Holsman Fore
Madan Fore te Administratis USAID epi Direktris pou Asistans Etazini bay Aletranje sou rejim Prezidan Bush. Anvan yo te nommen l Adminstratris USAID Madan Fore the Sousekretè Deta po Jesyion epi Direktris fabrik monnin Etazini an.

Li se youn nan administratè Sant pou Edtid Estratejik ak Etid Entènasyonal, Enstiti Aspen, Sosyete Lazi, Fondasyon Entènasyonal pou Lajenès epi Gwoup sou Politik Etranjè pou Fanm. Li se manm Konsèy Leadership sou Inisyativ pou Devlòpmn Global, ak Konsèy Ajanda Forum Ekonomik Global sou Lamizè ak Devlopman Finans.

Epitou li se manm Klib Ekonomik Nouyòk, Konsèy sou Relasyon ak Peyi Etranje, Komite 200, Fowòm Entènasyonal sou zafè Fanm, Konsèy lidèship nan Biznis Wellesley, YPO/WPO, ak Ògnizasyon Direktè Egzekitif yo. Li sèvi nan plizyè Konsèy Administrasyon Konpayi tankou Dexter Corporation epi HSB Group Inc.,

Jounnen jodi a se li ki Prezidan ak Drektè Egzekitif yon konpayi envestisman ak jesyon ki rele Holsman Entènasyonal. Li diplome nan Wellesley College ak yon metriz nan Inivèsitre Northern Colorado. Anplis, li etidye politik entènasyonal nan Inivèsite Oxford.

Alexis Herman
Madan Herman travay nan divès djòb nan gouvènman ak nan òganizasyon ki pa fè pwofi. Prezidan Clinton te nommenl kòm premyè Afriken-Ameriken nan plas Sekeretè Deta Travay. Anvan yo te nommen l Sekretè Travay, li te Asistan Prezidan an epi Direktè Relasyon Piblik Mezon Blanch. Se li menm ki te reprezantan Mezon Blanch nan Òganizasyon pou Kooperasyon Ekonomik ak Devlòpman. Depi sou Prezidan Carter l ap travay nan Gouvènman Federal la lè sa a li te Direktris Biwo Zafè Fanm nan Depatman Travay.

Kòm li te Ko-Prezidan Fon Clinton Bush pou syklòn Katrina, Madanm nan gen bonjan eksperyans nan zafè jere lajan pou amalyore konsekans katastwòf natirèl. Li gen anpil anpil eksperyans nan Konsèy Administrasyon ak Komite Konsèy divès konpayi kòmèsyal ak òganizasyon ki pa fè pwofi. Jounnen jodi a li se Prezidan Konsèy Toyota Diversity ak Sodexho. Li nan pami manm Konsèy Administrasyon: Konpayi Coca-Cola, Communis Inc., MGM Mirage. Epitou li se youn nan adminbistratè National Urban League ak Aksyon Sosyal pou gwoup sè Delta Sigma Theta, Inc.,

Jodi a Sekretè Herman se Direktè Egzekitif Nerw ventures, LLC. Li diplome nan Inivèsite Xavier et le resevwa piplis pase ven doktora onerè.

William H. Frist Sr.
Doktè Frist fè de manda kòm Senatè Tennessee. Senatè parèy li yo te eli l kòm Lidè Blòk Majoritè nan Sena a sòti 2003 rive 2007, se li menm ki te gen mwens lanne sèvis ki jwenn plas sila a nan tout listwa Sena Ameriken an. Avan li te eli Senatè, Dr Frist te yon chirijyen ki te konn fè ranplasman kè ak pomon. Se li menm ki fonde Vanderbilt Multi-Organ Transplant Center epi li gen sètifikasyon ofisyèl kòm chirijyen pou operasyon anjeneral ak operasyon kè.

Doktè Frist se Pwofesè Biznis ak Medsin nan Inivèsite Vanderbilt. Li se Prezidan Hope through Healing Hands ki konsantre sou lasante ak edikasyon nan lemond antye. Li se asosye nan antrepriz Cressey & Company, epitou Direktè URS Corp., yon konpayi ki bat sèvis engenyè, konstriksyon ak sèvis teknik. Jounnen jodi a li se manm Komisyon Fondation Robert Wood Johnson pou yon Amerik ki pi ansante ki gen rapò dirèk ak pibon lasante ak pibon edikasyon, epitou li se manm Konsèy Administrasyon Millenium Challenge Corporation.

Sòti 2007 rive nan 2008 Doktè a te Pwofesè Politik Ekonomik Entènasyonal nan Akademi Woodrow Wilson pou Zafè Piblik ak Entènasyonal ki chita nan nan Inivèsite Princeton. Doktè. Frist diplôme nan Inivèsite Princeton. Ak Lekòl de Medsin Harvard.

Bruce Lindsey
Jounnen jodi a se Misye Lindsey ki Direktè Egzekitif Anchèf Fondasyon William J. Clinton, sa fè lontan depi li se konseye ansyen Prezidan Clinton. Lè Clinton te opouvwa li te Asistan Prezidan an, Avoka Adjwen Mezon Blanch lan epi youn nan Premyè Konseye l. Misye Lindsey te gen plas Direktè Biwo Pèsonèl Prezidan an se li ki te kon sipèvize epi apwouve chwa moun yo nommen nan plas politik nan divès depatman nan Kabinè a epi nan Konsèy ak Kòmisyon Prezidansyèl yo.

Se nan Rhodes College Misye Lindsey te diplome epi li pran yon diplòm Doktè Lalwa nan Lekòl Dedwa Inivèsite Georgetown. Jounnen jodi a li se avoka li ye nan Kabinè Wright, Lindsey & Jennings ki chita nan Little Rock, Arkansas.