Kijan pou bay

Ede nou ede Ayiti rebati pi byen

Nou menm nan Fon Clinton Bush pou Ayiti nou vle voye yon gwo kout chapo bay pèp Ayisyen pou jan l gen fòs ak kouraj anyen paka kraze se pou sa nou gen misyon lespwa sa a pou nou ede Ayiti rebati pi byen.

Se moun tankou ou ki voye yon lavalas sipò ki pèmèt nou jwenn lajan pou kreye travay epi bay Ayisyen jarèt ak konpetans epi posiblite ekonomik yo bezwen pou yo sòti nan lamizè ak neglijans.

Sèl jan pou pwogram sa yo posib se si ou kontinye bay yon ti tchotcho touttan. Ou se yon gwo moso nan misyon nou genyen pou rebati Atiti pi byen, pou peyi a sispann konte sou èd deyò, nou ta renmen kite yon eritaj bonjan kapasite pou tout Ayisyen.

Gen yon dizon nan peyi Dayiti ki di "Men Anpil Chay Pa Lou", chak ti sa ou bay ede anpil epitou menm si w te bay deja, wè si w ta bay yon ti bagay ankò.

Fason ou ka kontribye:

Sou Entènet

Vizite paj nou an sou Entènet pou fè don li gen tout sekirite l

Bay sou telefòn pòtab ou

Ekri "QUAKE" nan yon mesaj epi voye l nan 20222 pou bay Fon Clinton Bush pou Ayiti $10. Y ap wete lajan sa a sou telefòn ou.

Yo va ajoute $10 sou fakti telefòn p`ptab ou osinon ya wete l si telefòn ou peye davans. To Msg&Data bon tou. Se konpayi ki founi w sèvis telefòn pòtab la ki ap faktire epi se li menm ou ap peye. Men ki konpayi ki reskonsab sèvis sila yo: AT&T, Nextel, Sprint, T-Mobile USA, U.S. Cellular, Cricket Communications, Cincinnati Bell, Cellular South ak Verizon Wireless. Se Mobile Giving Foundation ki rouche lajan sa yo pou Fon Clinton Bush pou Ayiti e yo dwe respekte kondisyon ki esplike nan www.hmgf.org/t. Ou ka sispann lè w vle, annik voye yon mesaj ki di STOP nan 20222; Si ou bezwen èd reponn HELP epi voye l nan 20222.

Lapòs

POU LAPÒS ETAZINI

Clinton Bush Haiti Fund
P.O. Box 418009
Boston, MA 02241-8009

Si w ap voye l pa mesaje

Bank of America Merrill Lynch Lockbox Services
Lockbox 418009
MA5-527-02-07
2 Morrissey Blvd.
Dorchester, MA 02125

Lòt fason ou ka Ede

Se USAID ki alatèt repons Etazini ap pote nan zafè dezas ki fèt Ayiti a, li mande toutmoun ki vle bay lòt konkou ki pa lajan (volontè, byen, sèvis) pou yo voye sa y ap ofri a nan Center for International Disaster Information nan http://dex.cidi.org/.

Pi fò ajans k ap pote sekou lè gen dezas ka bay pibon sèvis lè yo resevwa lajan kash pase byen al sèvis. Si ou ta vle wè lis ajans k ap ede nan zafè tranblemandtè Ayiti a epi si w ta renmen konnenn sa w ka fè pou ede yo nan jefò y ap fè, al vizite:

  • UN Flash Appeal (pa Relief Web) gen yon lis ou ka telechaje ki bay tou sa ki nesesè nan peyi a ak ONG epi pwojè ki bezwen èd yo, ONU deja verifye tout.
  • Interaction: Enfòmasyon sou ONG k ap pote sekou bay viktim tranblemandtè Ayiti yo.
  • UN Business Appeal: Enfòmasyon ak resous sou fason biznis yo ka bay Ayiti koutmen.
  • Òganizasyon Mondyal Lasante (World Health Organization) : Bay enfòmasyon pou moun ki ta vle bay founiti ak ekipman medikal.

Enfòmasyon Sou Tranblemandtè a ak Jefò k ap fèt pou pote Sekou