Pèsone
Gary Edson, Direktè Egzekitif Anchèf, se li menm ki lidè misyon lespwa pou pèp Ayisyen Fon Clinton Bush pou Ayiti a ap mennen, se li ki distribye fon pou reyalize vizyon Prezidan Clinton ak Prezidan Bush genyen pou peyi sila a sètadi yon ekonomi Ayisyèn ki djougan, ki desantralize e ki gen toutmoun ladan l dekwa pou chak grenn moun rive devlope tou sa Bondye bali kòm ladrès.
Avan li te lidè Fon Clinton Bush pou Ayiti a , men ki plas Gary te genyen: Konseye Adjwen Sekirite Nasyonal, Konseye Adjwen Ekonomi Nasyonal, Asistan Prezidan an pou Zafe Ekonomik Entènasyonal sou rejim George W. Busf. Se li ki te ko-lidè PEPFAR sètadi Plan Ijans Prezidan an pou soulaje moun ki atake maladi SIDA, pwogram sila a te konsantre anpil sou Ayiti, se li menm tou ki te dirije jefò ki te fèt pou tabli Millenium Challenge Corporation pou lite kont lamizè nan lemond.
Li se manm nan Konsèy Fulbright ki bay Bous Etid Aletranje, epi li se Premyè Konseye nan Civic Enterprises, LLC. Anplis eksperyans li genyen nan gouvènman ak nan òganizasyon ki pa fè pwofi yo, Gary te dirije ECG, Inc., yon konpayi prive ki prete moun laja, konpayi sila a achte PAR Systems Inc., ki fabrike systèm robo, li te Prezidan Konsèy Konpayi sila a tou. Li Te Prezidan Konsèy Administrasyon Stonebridge International (ki rele Albright Stonebridge Group jodi a), yon konppayi konseye entènasyonal. Li diplome nan Inivisite Stanford epi li pran yon diplòm Doktè Lalwa ak yon metriz nan Lekòl Dedwa Inivèsite Chicago.
Ambasadè (alaretrèt) Timothy M. Carney, Vice Prezidan Egzekitif, se l menm ki soutni konsepsyon ak koòdinasyon estrateji jeneral, politik ak pwogram Fon Clinton Bush pou Ayiti a. Ambasadè Carney se yon ansyen ofisyè sèvis aletranje ki pran retrèt li, le se espesyalis nan konfli ak estabilizasyon nan tout Lafrik, nan Sis and Sidès Lazi , Ayiti epi sèten peyi Mwayenoryan. Li te Anbasadè Ayiti epi anvan sa nan Soudan. Anvan sa, li te Asistan Sekretè Adjwen ou Sis Lazi epi youn nn Direktè pou Zafè Lazi nan konsèy Sekirite Nasyonal la. Depi li pran retrèt li nan Depatman Deta, Anbasadè Carney te fè yon rive Afganistan pou l soutni eleksyon 2009 yo. Li te Koòdinatè nan Depatman Deta pou tranzisyon ekinomik nan Bagdad nan lanne 2007 epi li te fè pati premyè misyion sivil ki te ale nan peyi Irak an 2003 kòm Otorite Okipasyon nan Ministè Endistri ak Mineral. Li te Chaje Dafè nan peyi Dayiti, apre sa li te pase yon ti tan kòm Direktè A.I. pou Rebatisman ak Estabilizasyon nan Biwo Sekretè Deta a. Epitou li te travay nan divès misyon Nasyonzini nan Pey Kanbodj, Somali ak Afrik di Sid.
Anbasadè Carney resevwa diplòm Inivèsitè li MIT. Li pale franse, lang Kanbòdj ak Taylan. Li se manm Konsèy Akademi Diplomasi Ameriken.
Paul Altidor, Visprezidan Pwogram ak Envestisman: se li ki dirije tout desizyon k ap pran sou sibvansyon ak envestisman, li sipevize pwogram sou plas pase li vin Ayiti souvan pou l vizite patnè yo. Avan li te antre nan Fon clinton Bush pou Ayiti, Paul te travay nan IFC (International Finance Corporation) nan Depatment ki bay Konpayi a Sèvis Konsèy ki se yon inite ki bau gouvènman konsèy sou patenarya piblik/prive nan lemond antye. Lè li te nan IFC, li te konn ede Gouvènman Ayisyen rale envestisman etranje nan vann 60% aksyon nan Teleco, konpayi telefòn Ayiti a. Li te travay nan Bank Mondyal epi nan Sektè Prive a.
Li resevwa diplòm Inivèsitè li nan Boston College, epi li gen yon diplòm avanse li resevwa nn Massachusseyts Institute of Technology, li fè lòt etid postinivèsitè nan Paris X, nan peyi Lafrans. Li pale franse ak kreyòl.
Meg Galloway Pearce, Vice President, Marketing and communications, travay pa li se fè moun kontinye klere je yo sou kokennchenn bezwen Ayiti genyen pou yo ede li nan rekonstriksyon l ap fè a pou travay la ka dire anpil tan, espesyalman l ap konsantre sou kreye travay ak fè pwomosyon pou gen plis posiblite ekonomik nan peyi a. Firanmezi Fon Clinton Bush pou Ayiti a ap envesti nan refè lavi ak mwayen ekonomik moun y ap ede yo, Meg pral simaye nouvèl la sou kòman nan nouvo Ayiti a; Ayisyen ap pwodi ak espòte (vann lòt bò dlo) travay yo pou amelyore lavi yo, pase pou yo enpòte (achte lòt bò dlo) sa yo bezwen pou yo siviv.
Avan li te travay pou Fon Clinton Bush pou Ayiti a, Meg se te nanm Earth Hour. Li te travay tou nan fè pledwaye pou World Wildlife Fund pou konbat chanjman nan zafè klima sou latè (Move tan sanzatann, sezon k ap chanje elatriye). Li te yon asosye enmenmtan administratè nan Cove Creative, yon konpayi ki fè maketin ak jesyon. Li te kòmanse karyè li nan sektè prive a, se te youn nan lidè nan maketin pou MCI Communications, epi apre sa pou Verizon Communications. Meg te resevwa diplòm Bachelor of Arts li nan sektè Gouvèlman ak Lang Franse nan Colby College ak diplòm metriz li nan Maryland University. Li pale franse ak panyòl.
Anita Bhatt, CFO and treasurer, se li ki reskonsab pou tout operasyon finans nan Fon Clinton Bush pou Ayiti a, epi li asire li tout bagay byen administre, epi fèt a klè nan zafè sanble lajan epi nan jan lajan an depanse. Avan li te rantre nan Fon Clinton Bush pou Ayiti a, Anita te yon CFO epitou se li ki te Trezorye nan Fon Bush Clinton pou Katrina. Se limenm tou ki te Kontrolè ak administratè nan distribye lajan yo, pou Fondasyon Nasyonzini. Anita genyen yon diplòm Bachelor of Arts li te pran nan George Washington University avèk yon diplòm Metriz li te pran nan University of Minnesota.
Patrick Gaston, Senior Advisor, se li ki se lidè a nan gwo pwogram ki fèt pou ede gran òganizasyon (kòporasyon ak fondasyon) ki konn bay gwo don yo, pran konsyans nesesite pou yo sipòte kòz la. Se li ki devlope estrateji pou ni moun ni òganizasyon ki pi enpòtan yo, pran angajman pou yo ede ak kontinye ede kòz la san bliye manm dyaspora Aysyen an.
Avan li te rantre nan Fon Clinton Bush pou Ayiti a, Patrick R. Gaston te prezidan Verizon Foundation, youn nan 15 pi gwo fondasyon, se gwo konpayi kòporasyon ki te fonde yo nan peyi Etazini. Li t ap jere pou chak lane bidjè pou 75 milyon dola ak yon kapital total pou yon valè 238 milyon dola. Se li ki te reskonsab pou estrateji pou ankouraje moun avèk konpayi fè zèv, òganize distribye lajan pou sèten kòz espesyal. Li ede devlope inisyativ pou fondasyon ki okipe pwoblèm edikasyon, alfabetizasyon, sekirite ak lasante pou fanmi yo, avèk anplwaye volontè. Gras a lidèship li, fondasyon an envesti plis pase 500 milyon dola nan divès kominote ni Ozetazini ni nan lòt peyi sou latè.
Pandan plis pase 25 lane li pase nan Verizon, Patrick te travay nan divès pozisyon nan administrasyon, nan operasyon, maketin, resous imèn, planifikasyon estrateji nan dvlope relasyon avèk otorite nan gouvèlman.
Patrick genyen sèten fonksyon tou nan plizyè komite nan sèten òganizasyon ki pa te kreye nan lide fè lajan. Nan pami òganizasyon sa tankou NAACP SCF, America’s Charities, The Conference Board Contributions Council, World Institute on Disability; w ap jwenn li nan Komite Direksyon an. Li se yon manm tou nan Komite Direksyon National PTA’s Leadership Advisory Board, epi li se Visprezidan nan Business Committee of The Metropolitan Museum of Art. Patrick se youn nan manm Komite Direksyon Bed Bath &Beyond, Inc., ki se yon gwo konpayi tout moun konnen, ki genyen magazen nan tout kote Ozetazini. Li se yon manm tou nan Executive Leadership Council, ki se yon rezo ak yon forum sou lidèship pou African-American Senior Corporate Executives. An 2009, nan Savoy Professional Magazine, yo te nonmen non Patrick kòm youn nan 100 moun ki gen plis enflyans nan African-American Corporate America. Nan lane 2010 yo te nonmen l tou kòm CEO nan Corporate Responsibility Magazine Foundation. Li fè tou anpil konferans nan plizyè inivèsite, tankou Rutgers University avèk Dartmouth College, epitou trè souvan li pale tou nan gran konferans sou reskonsablite kòporasyon yo nan zafè fè zèv pou devlope bagay ki itil pou limanite san yo pa fè li kòm yon biznis ki pou fè yo fè plis lajan.
Patrick grandi an Ayiti, nan Montreal, Canada, avèk nan Boston Massachusetts. Li pran diplòm lisans li nan administration nan University of Masschusetts, epi li pran diplòm metriz li nan Northeastern University. Li genyen tou yon Sètifica Entènasyonal nan Biznis li te pran nan Ecole Supérieure de Commerce nan vil Reims an Frans.
Jean Pierre-Louis, Program Manager, li ede nan administrasyon pwogram don avèk envestisman nan Fon Clinton Bush pou Ayiti a. Li rantre nan Fon Clinton Bush pou Ayiti a, apati de esperyans li pandan yon lane kòm asistan nan State Department’s Office of the Coordiantor for Reconstruction and Stabilization (S/CRS). Kòm yon ofisye ki fè karyè nan Foreign Service, Jean te travay nan Office of the Coordinator for Reconstruction and Stabilization. Se apati de pozisyon sa yo te depeche li an Ayiti tou swit apre tanblemandtè a. Jean genyen yon diplòm metriz nan Foreign Service li te pran nan Georgetown University, avèk yon diplòm Bachelor of Arts li te pran nan University of Florida. Li pale franse, kreyòl ak chinwa.
Frances T. Dayton, Junior Programs Manager, Frances ede nan administrasyon avèk aplikasyon pwogram don avèk envestisman Fon Clinton Bush pou Ayiti a, epitou li veye epi asire l, moun oswa òganizasyon ki benefisye pwogram sa yo respekte kondisyon ki te pase lè tranzaksyon sa yo t ap fèt. Nan esperyans li nou jwenn li te òganize yon kanpay prezidansyèl nan yon kapasite paralegal nan biwo Covington & Burling’s Washington D.C. Nou jwenn tou li t ap mennen rechèch kòm yon konsiltan nan enfòmasyon sou maketin mondyal nan yon konpayi nan New-York. Frances genyen yon diplòm Bachelor of Arts sou relijyon ak sou etid li fè sou peyi anoryan. Li te pran dipòm li nan Princeton University, li pale trè byen franse ak arab.
Amanda Cosby, Operations Manager, li asire l operasyon Fon Clinton Bush pou Ayiti yo, pa sèlman fèt tout bon vre, mentou pou yo fèt byen, epi pou pwogram Fon Clinton Bush pou Aytiti yo aplike epi respekte kondisyon ki te pase pou pwogram sa yo. Nan esperyans travay li Amanda te travay pou Women Thrive Worlwide, yon ONG ki fòmile politik Lèzetasini pou ede fanm ki pi pa gen mwayen yo nan peyi k ap devlope yo. Li te travay tou, kòm Direktè Planifikasyon Kalandriye mesye Chuck Hagel, senatè meriken. Li genyen yon diplòm Bachelor of Arts avèk yon diplòm metriz nan Politik Piblik. Li te pran tou lè de diplòm li yo nan George Mason University.
